Cargando...

Kat de Kredi Visa SMART

Gen aksè ak benefis preferansyèl yo avèk alyans eksklizif nou JetSMART

Kòman ou kapab genyenl?

1

Seleksyone “demand”

2

Ranpli fòmilè a

3

Nap kominike nan 72 è

4

Paso 4 

Avantaj Kat de kredi Visa SMART la

Acha Entènasyonal

Enskri nan aplikasyon yo e achte aletranje ak 2,5% komisyon.

Plis Sekirite

Teknoloji Contactless (san kontak), pèmèt ou reyalize acha pi rapid ak fasilite.

Pèyman otomatik

Enskri kont sèvis ou yo ak aplikasyon yo ak kat SMART

Akimile Pwen

Ou kapab akimile pwen TodoSuma e fè echanj nan plizyè komès.

Avans Disponib 24/7

Dispoze lajan 24è chak jou, atravè avans an efektif ak vèsman imedya sou kont ou a.

Kat Adisyonèl

San peye pou lòt moun, ou kapab defini plas diferansye pou chak kat.

Benefis Kat kredi Visa SMART ou

Jwi vwayaj ak JetSmart ak lòt benefis enkwayab

Logotipo Jet Smart
Logotipo Claro

Kisa ki genyen ladan l?

Vin manm ak pri preferansyèl

Rabè nan tikè minimòm $5.000 pou tarif $15.000. Rabè minimòm $1000 pou ekipaj nan men oubyen faktire.

Zòn pou chita ak pri preferansyèl.

Pou titilè kat ki anrejistre a, plis akonpanyan yo dwe rete an rezèv.

Anbakman prioritè

Pou titilè kat ki anrejistre a, plis akonpanyan yo dwe enkli nan rezèv ki prezante nan tikè oubyen kat anbakman an.

Achte akimile pwen

Akimilasyon pwen. Chak $100 ou achte nan JAT=1,2 pwen. 1 pwen= $1,25 pou chanje nan JAT.

Kondisyon e Tarif

Kondisyon

Fòk ou se yon moun natirèl san yon aktivite biznis.

Visa Smart

Genyen nasyonalite Chilyen oswa etranje, ak yon rezidans pèmanan minimòm de yon ane.

Visa Smart

Genyen 18 an ou plis.

Visa Smart

Genyen yon revni likid ki soti nan $ 400,000.

Visa Smart

Akredite Adrès.

Visa Smart

Genyen yon antikite laboral pou travayè depandan ki genyen omwen 1 ane nan travay aktyèl la.

Visa Smart

Pou travayè endepandan soti nan 1 ane antikite laboral depi nan kòmansman Aktivite ak omwen 1 deklarasyon Enpo.

Visa Smart

Respekte politik komèsyal ak kredi bank lan.

Visa Smart

Tarif
UF 0,08

Komisyon antretyen mansyèl

UF 0,10

Komisyon pou avans an efektif

2,5%

Komisyon pou achte aletranje

1,9% +US$2

Komisyon pou avans aletranje

( Wè tout tarif yo)

Kesyon yo poze souvan sou kat SMART

Kòman e ki kote m kapab peye kat la?

Chak mwa wap resevwa detay sou mouvman ou efektye sou kont la nan peryod kat kredi a e ou kapab peye fasilman e ak tan, nan modalite sa yo:

  • Mande chaj otomatik pou pèyman minimòm oubyen montan faktire nan kont kouran, chekye elektwonik ou Cuenta Rut, pouw kapab evite dèt oubyen peye anplis nan ka ke ou bliye dat pèyman an.
  • Ou kapab efektye pèyman kont ou a sou sit nou an, nan nenpòt Banco Estado, Banco Estado Express ak Caja Vecina.

Kisa k ap pase si mwen peye kat la aprè dat ekspirasyon an?

Si ou chwazi pèyman minimòm nan aprè dat ekspirasyon an kat la ap genyen dèt, l ap bloke e y ap touche enterè pou reta. Si aprè 20 jou apre dat ekspirasyon an ou pa peye tout pèyman minimòm nan, lòt dèt yo ap ogmante.

Kòman mwen kapab peye vèsman kat la an dola?

Dèt SMART la koresponn ak itilizasyon kat kredi a aletranje. Kèlkeswa lajan peyi ki gen orijin kote yo achte oswa fè yon avans, Deklarasyon Kont SMART la faktire an dola ameriken epi yo dwe peye li nan lajan saa jiska dat ekspirasyon Deklarasyon Kont lan nan rezo sikisal BancoEstado Express yo.

Si ou pagentan fè pèyman dèt SMART la an dola anvan dat ekspirasyon Deklarasyon Kont la, li pral transfere an pesos jou kap vini an soutip echanj pousantaj ki fikse pa Operatè Kat kredi a, k ap devni yon pati nan dèt la epi li pral jenere enterè depi nan jou pwosesis la.

Kisa mwen kapab fè pou mwen fèmen kat kredi a?

Ou dwe mande enfòmasyon sou fèmti pwodwi kat kredi a an pèsòn nan nenpòt sikisal e san depans e nan yon peryòd de 10 jou abil.

Sonje ke ou pa dwe gen balans asosye nan kat la epi ou dwe ranpli yon fòm pou mande fèmti volontè lè ou ranpli ak siyen "Avi Renons Kat", ansanm ak livrezon kat yo ou dwe mande pou destriksyon plastik la an prezans ou.

Si ou gen akò Pèyman Otomatik (PAC oswa PAT) tankou peman pou sèvis, asirans, oswa lòt, fèmen kat la vle di ou pap peye anko nan fason sa a, kidonk, ou dwe mande pou eliminasyon yo epi peye nan yon lòt mwayen.

Kisa ki Pèyman Minimòm nan?

Se montan minimòm ke ou dwe peye jiska dat pèyman yo endike nan eta kont la. Pou w pa rete ak dèt e evite ke kat kredi ou a bloke.

Kisa mwen kapab fè si kat mwen pèdi oubyen yo vòlè li?

Si ou Chili:

Mande imedyatman pou yo bloke kat la, rele nan emèjans Bankè Banco Estado nan 800 80 20 20.

  • Note kòd blokaj la, data k lè operatè a ba ou a.
  • Nan menm apèl la, ou kapab mande pou refè yon nouvo kat epi ale nan yon sikisal pou retire li.
  • Fè yon konstans nan Carabineros, note komisarya a, dat ak nimewo folio konstans la.

Si ou aletranje:

  • Rele imedyatman nan Sant Asistans SMART ki koresponn ak mak kat VISA a epi mande pou yo bloke l.

Sant Asistans VISA

Etazini oubyen Kanada, Telefòn: 1-800-396-9665

Pou rele depi lòt peyi, telefòn: 1-303-967-1098

(*) Kliyan an dwe rele nan konpayi telefòn yo respektivman nan peyi kote ou ye a epi ou rele pou w touche a.

Kisa ki sistèm PAT la e kòman mwen kapab genyenl?

Li se pèyman otomatik nan bòdwo sèvis piblik ou, tankou elektrisite, dlo, gaz, elatriye, avèk chaj sou kat kredi BancoEstado ou ke ou ka abòne, modifye oswa efase nan bank an liy, rele 600 200 7000 a travè sikisal yo.

Si BancoEstado pa gen yon akò ak konpayi ke ou vle abòne a, ou ta dwe apwoche konpayi an anboche PAT la. Pèyman yo ap kòmanse fonksyone lè yon mesaj parèt nan resi yo oubyen tenb ki enfòme yon bagay konsa:"Akò Pèyman Kont otomatik".

Ki lòt enfòmasyon enpòtan mwen ta dwe konnen sou fèmen Kat la?

Si ou resevwa yon Deklarasyon sou Kont apre demann pou yo fèmen kat kredi a, mouvman acha yo, avans, oswa PAT, si yo egziste, ou dwe asime yo.

Lòt chaj tankou enterè akimile, depans biwotik, komisyon ak taks, se Bank la ki pral asime yo.

Yon fwa ou mande fèmti a oswa rekonse ak Kat kredi a, li pap kapab itilize ankò.

Si kat kredi ou te fè pati yon plan pwodwi, lòt pwodwi ou genyen yo ap gen chaj antretyen endividyèl pou chak pwodwi.